
Nan dènye moman yo, se swiv nou t ap swiv gouvènman sa a ansanm ak tout akolit teknokrat li yo. Nou t ap swiv yo nan gagòt total kapital yo, enkapasite kronik yo, koripsyon jeneral yo, lachte yo.
Jounen jodi a, nou santi nou sètoblije entèvni ankò yon
fwa paske: BAGAY YO ALE TWÒ LWEN! Vreman vre, lò se gouvènman
SA a ke tout moun konnen kòm sousou pannan, senbòl vivan lokipasyon
k ap chache òganize l pou redyi nou nèt alkole e mete nou anba
titèl, gouvènman SA a ki se reprezantan tout tchoul, politisyen
kou boujwa, ki soti pou, ansanm ak kolon modèn yo, mete Pèp Ayisyen
plat atè, lè nou vin wè se gouvènman SA a ki vin
ap komemore memwa DESALIN, jouk pou li wè se LI, SA a, ki pral deklare “2006,
Ane Desalin”, nou di : SE TWÒP ATÒ!
SE TWÒP ATÒ ! Pou se ekip trèt sa a, ki pi trèt
pase tout trèt ki te janm egziste, ki vle prezante tèt li pou
vin asosye l ak youn nan senbòl liberasyon pi djanm ki genyen nan listwa
lit nou, nan listwa peyi nou. SE TWÒP ATÒ! Mistifikasyon an ale
twò lwen ! Rekiperasyon an ale twò lwen! FÒK KOLABORATÈ SA
YO KONNEN YO PA KA KONTINYE AP PASE PÈP AYISYEN NAN BETIZ
KON SA, JOUK POU YO VLE SAL IMAJ YOUN NAN PI GWO REZISTAN PEYI
NOU A JANM
GENYEN!
Pi rèd: lè nou sonje youn nan rezon prensipal ki fè yo
te sansinen DESALIN, se poutèt li te mande tout granmanjè premye
periòd sa a: pouki se yo ki t ap pran tout tè yo pou yo pou kò yo
? E ke, jounen jodi a, se reprezantan menm granmanjè sa yo, entènasyonal
kou nasyonal, ki soti pou “komemore” viktim nou an pwòp
yo menm te asasinen an!
SE TWÒP ATÒ!
Se sa k fè n ap denonse, ak tout rèl nou kapab, salte krim entelektyèl
sa a ! E mande tout travayè, tout pwogresis konsekan, tout konbatan,
tout moun ki santi ni tèt yo, ni kè yo, ni kò yo ap depafini
an plas nan sitiyasyon jeneral sa a, pou NOU PWOTESTE TOU! DEREFIZE! DEREFIZE!
DEREFIZE PATISIPE AK PRENSIPAL TRÈT SA YO! Sousou pannan sa
yo, ki soti pou melanje nan yon menm bouyon santi, DESALIN ak Konze!
Pòtoprens, 18 oktòb 2005