SE TWÒP ATÒ !
Nan dènye moman yo, se swiv
nou t ap swiv gouvènman sa a ansanm ak tout akolit teknokrat li yo. Nou t ap swiv yo nan gagòt total kapital
yo, enkapasite kronik yo, koripsyon jeneral yo, lachte yo.
Jounen jodi
a, nou santi nou sètoblije entèvni ankò yon fwa paske: BAGAY YO ALE TWÒ LWEN!
Vreman vre, lò se gouvènman SA a ke tout moun konnen kòm sousou pannan, senbòl
vivan lokipasyon k ap chache òganize l pou redyi nou nèt alkole e mete nou anba
titèl, gouvènman SA a ki se reprezantan tout tchoul, politisyen kou boujwa, ki
soti pou, ansanm ak kolon modèn yo, mete Pèp Ayisyen plat atè, lè nou vin wè se
gouvènman SA a ki vin ap komemore memwa DESALIN, jouk pou li wè se LI, SA a, ki
pral deklare “2006, Ane Desalin”, nou di : SE TWÒP ATÒ!
SE TWÒP ATÒ ! Pou se ekip trèt sa a, ki pi trèt pase tout trèt ki te janm
egziste, ki vle prezante tèt li pou vin asosye l ak youn nan senbòl liberasyon
pi djanm ki genyen nan listwa lit nou, nan listwa peyi nou. SE TWÒP ATÒ! Mistifikasyon an
ale twò lwen ! Rekiperasyon an ale twò lwen! FÒK KOLABORATÈ SA YO KONNEN YO PA
KA KONTINYE AP PASE PÈP AYISYEN NAN BETIZ KON SA, JOUK POU YO VLE SAL IMAJ YOUN
NAN PI GWO REZISTAN PEYI NOU A JANM GENYEN!
Pi rèd: lè nou sonje youn nan
rezon prensipal ki fè yo te sansinen DESALIN, se poutèt li te mande tout
granmanjè premye periòd sa a: pouki se yo ki t ap pran tout tè yo pou yo pou kò
yo ? E ke, jounen jodi a, se reprezantan menm granmanjè sa yo, entènasyonal kou
nasyonal, ki soti pou “komemore” viktim nou an pwòp yo menm te asasinen an!
SE TWÒP ATÒ!
Se sa k fè n ap denonse, ak tout rèl nou kapab, salte krim entelektyèl sa a
! E mande tout travayè, tout pwogresis konsekan, tout konbatan, tout moun ki
santi ni tèt yo, ni kè yo, ni kò yo ap depafini an plas nan sitiyasyon jeneral
sa a, pou NOU PWOTESTE TOU! DEREFIZE! DEREFIZE! DEREFIZE PATISIPE AK PRENSIPAL
TRÈT SA YO! Sousou pannan sa yo, ki soti pou melanje nan yon menm bouyon santi,
DESALIN ak Konze!
Pòtoprens, 18 oktòb 2005