Home News Events Grassroots in Haiti Links Feedback Analysis Contact us

BATAY OUVRIYE ALÈT!
BATAY OUVRIYE AP METE POPILASYON AN AN JENERAL E KAMARAD KONSEKAN YO
AN PATIKILYE OKOURAN YON BENY SAN K AP PARE ANKÒ NAN PEYI A. FWA SA A, SE NAN 5e
SEKSYON LAKAYÈ KONPLO SANGINÈ A AP PREPARE.
Vreman vre, apre yo fin met atè ansyen majistra a pou tout vòl
li te komèt yo, yo nonmen yon nouvo: se Wilbè Kaseyis, sanse
pou rektifye sitiyasyon an. Men, an reyalite, se soti nan larivyè pou
tonbe nan lanmè!
Nan tout plenn Lakayè, e menm pi lwen, poutèt bon kalite tè a
e relasyon dimwatye ilegal e akayik ki toujou genyen nan pwodiksyon an, se
yon kote ki toujou chaje ak konfli vyolan anpil. Nou annik sonje Pyat, kote
kay te boule, san te koule, moun te mouri oswa sètoblije kite zòn
la... nou annik sonje nan Jan Batis, kote, lò rekòt rive, se
chak lane goumen a mò pete, la a ata lapolis twouve lanmò ane
pase. E konfli tè sa yo toujou opoze grandon akayik yo anfas ti peyizan
ki yo menm ap travay jan yo kapab, amelyore tè a pou kò yo, gen
pou fè fas pou kò yo a nenpòt ki pwoblèm lanati,
lò se pa bannan dominiken Leta kite ap anvayi mache a.
Nan 5e seksyon Lakayè, gen yon konfli tè ki, jounen jodi a, ap
opoze yon grandon yo rele Klebè anfas ti peyizan travayè yo.
Bagay yo te yon jan estabilize, jouk dènye majistra Kaseyis la vin rive.
Se moun Klebè. E, vreman vre, depi an lagan li pran kòb nan men
l pou monte sa li rele yon “polis riral”. Men “polis riral” la
pa gen 2 bi, se entèvni zam alamen e “nan non lalwa” nan
konfli Klebè ak ti peyizan yo. Yo gen tan gen èd jij Klodi, titilè Lakayè a
ki, li menm, kareman ap chache “legalize” masak y ap prepare a.
Jij Klodi, se bòfrè Klebè! Li gen tan bay yon seri swadizan
manda pou arete tout ti peyizan ki pa vle rantre nan lòd lespwatasyon
akayik Klebè a. Yo plis vize Bwanèf, Dipi ak Michèl. Yo
deja arete 3 ti peyizan, youn nan Bwanèf, 2 nan Michèl. Kounye
a y ap mande 25,000 dola (vennsenk mil dola!!) pou lage chak! Plizyè ti
peyizan ki pè “Leta”, kòmanse kite zòn la
pou yo pa arete yo, menm si yo pa konn pouki. Men dòt kanpe kin sou
revandikasyon yo yo konnen ki jis, nan yon peyi! E yo pa soti pou kite Klebè,
ni majistra Kaseyis ak tout “jij” Klodi vin sansinen yo kon sa.
Popilasyon an kanpe ak ti peyizan yo. Non sèlman paske yo konnen se
yo ki gen rezon men paske yo konnen tou ekzaksyon Klebè nan zòn
la. Yo menm fè yon foul e bloke yon reyinyon sèten manm swadizan “polis
riral” yo a yo te vle vin enstale nan zòn la.
Kidonk, jan nou kapab wè, se yon nouvo konfli sanglan k ap gonfle nan
zòn lan. Grandon akayik yo ki santi yo sou pouvwa yo ak gouvènman
reyaksyonè sa a ki anplas la, vle pwofite sitiyasyon an pou fè tout
ekzaksyon e menm tout masak yo kapab pou bloke revandikasyon travayè yo
ki, yo menm, ap pote peyi sa a sou do yo, san yo pa janm twouve pyès
benefis vre nan fwi tout travay yo reyalize.
ALÈT! BATAY OUVRIYE YON FWA ANKÒ AP DEKLARE! ALÈT!
NOU DEJA REMAKE DEPI LONTAN, GOUVÈNMAN SA A, APA AJENNDA MERIKEN, LOKIPASYON
AK LABOUJWAZI, LI PA SOTI POU OKIPE NI MENM TANDE PYÈS MOUN. SE SA K
FÈ SE AK POPILASYON AN ANSANM AK TOUT PWOGRESIS KONSEKAN N AP ADRESE
NOU JOUNEN JODI A.
ALÈT!! NOU DI! JAN NOU TOUJOU ANONSE L: SE YON LÒT BENY SAN Y
AP PREPARE!
Pou Batay Ouvriye
Yannick ETIENNE Pòtoprens, 31 oktòb 2005